yon Biyè 500 G. pou chak grenn vòt
27 Jen, 2009
News HaitiAction.net 
About Events Talk News Links Home

yon Biyè 500 G. pou chak grenn vòt

by Patrice Celestin

Nan tan pase Eleksyon an Ayiti se te toujou bèl moman pou tout Ayisyen leve byen bonè nan maten pou al pran liy, pou yo ka al fè chwa moun ki pou direje Peyi a: swa o Sena,nan chanm Depide a,nan Kolektivite yo,ak Laprezidans,si nou ta fè referans ak Eleksyon 16 Desanm 90 pou rive nan Eleksyon novanm 2006 ki te bay prezidan Preval pouvwa a.

Eben denojou bagay yo genlè chanje paske eleksyon vìn yon okazyon pou pèp la eksprime dezakò li,oubyen mepri li kont tout sòt de ensatisfaksyon,swa nan zafè sosyal,ekonomik ak sou konviksyon politik yo: si nou ta fè referans ak eleksyon 19 Avryl 2009 yo, kote KEP te fè tout sòt de manèv pou mete FANMI LAVALAS deyò nan kous elektoral la,sak te pral lakòz mwens ke 2 pousan moun nan popilasyon an te patisipe nan eleksyon sa a,kote anpil vwa te pral leve pou konteste rezilta yo.

Rive nan 2e tou a ki te fèt Dimanch 19 Jen an se te ankò yon kaskèt chinwa, nan zafè sekirite te gen yon ti chanjman,tandiske to patisipasyon an pat chanje pa rapò ak 1e tou an. Sèl chanjman ki te genyen se te anpil Biyè 500G. ki tap bay depi nan lasware pou rive jouk nan fen jounen vòt la, chak pati politik yo: LESPWA ak LYNYON te mobilize divès reprezantan yo nan tout rakwen peyi a,pou te ka dirije chak grenn vòt nan enterè pa yo, sa te fèt nan plisyè Sant vòt nou te vizite tankou:(sant vòt sa yo. ONA Delma 17 ak champs de Mars,Lycee D.Fignole Delma 3, Thertulien Gulbo centre Ville, Lycee A. Petion, lycee Nle cite soleil,Ministere des cultes Delmas 31, Ecole Nle de Tabarre, Frère de l`instruction chretienne Petion Ville, elatriye) si nou ta pran temwayaj moun sa yo: Pièrre Jerome ak Moise ki te vìn vote nan sant Petion Ville la ki te momtre nou 2 biyè 500G. kote yo te di nou Ti-Viot pitit kandida Linyon an ki tap sikile nan yon Lexus AA15923 ki te bayo li pou yo ka vote Mario Viot.Yon lòt kote nan Bèlè nan sant vòt Dimaseis Estime yon lidè nan zòn lan ki pat vle nou site non li pou rezon sekirite li te eksplike nou ke depi nan sware Samdi 20 Jen pou rive nan jounen vòt la yon ekip manb LESPWA te vìn nan zòn nan ak lajan pou bay popilasyon an.

KEP a li menm nan sans pa li te rantre nan lojik la nan fè presyon sou manb Biwo pou fè yo kwè ke si yo pa vote yo pap ka touche kòb travay yo aprè eleksyon an.se te deklarasyon tout sipèvizè sant vòt nou te vizite: Tankou Mr Elie Pièrre sant vòt ONA Delma 17, Mr Belval Arnold sant vòt Lycee D. Fignole,Barthelmy Fritz sant vòt Dumaseis Estime na Bèlè, Berthony Cerès prezidan biwo vòt nan Lycee Petion,Mr Joseph Jn Welby ak Mme Joseph Beatrice 2 sipèvizè nan sant vòt Thertulien Gulbo, Belizert Jn Robert sant vòt ONA champs de MARS, Mlle Sonia Momperous sipèvizèz sant vòt Frerres de l`instruction chretienne Petion Ville, Mr Valère Dipency sipèvizè Adj sant vòt Ecole Nle Tabarre po nou site sa yo sèlman.

Tout manèv sa yo genlè pat ka motive pèp la pou l al vote, paske menm jan ak 1e tou a ki te fèt nan dat 19 avryl la, mwens ke 2.5 pousan monu nan popilasyon te patisipe nan eleksyon 2eme tou senatoryal yo.

 

©2009 HaitiAction.net

 

see also

Lavalas closed the doors again, elections in Haiti a disaster for Lespwa government Jun 27

Boycott shuts down Haiti elections Jun 25

"Thank you Bill Clinton" — one more assassination by UN troops in Haiti Jun 20

Haiti bids "A Dieu" to Father Jeri and promises "The Struggle continues" Jun 19

Haiti and Miami activists meet to plan for Fr. Jean Juste funeral Jun 17

Mon Père, Remembrances of Fr. Gerard Jean-Juste May 29

HaitiAction.net UPDATE Reverend Father Gerard Jean-Juste many past articles, photos and links of our beloved Pér Jean-Juste compiled on one page

Pè Jean Juste: personal remembrances - Respè

Lavalas flexes its muscles in Haiti Apr 20

Poll projects low voter turnout in Haiti: Protests banned by Kevin Pina    Apr 16   

Perverted Priorities: Corpses, sham elections, and sweatshops in Haiti Apr 10

Controversial Senate elections planned in Haiti Apr 6

Fanmi Lavalas: Haiti's largest political party shows no lack of leadership talent Mar2

Thousands march in Haiti demanding return of Aristide Feb 29

Propagandhi: progressive thrash, Haiti and activism on tour Feb 26

Haiti bill calling for investigation of U.S. role in 2004 Coup d'État Feb 5

The rebirth of Konbit in Haiti Dec 17

Contact us: info@haitiaction.org

click button above

Contact us: info@haitiaction.org

Haiti Action Committee pamphlet: We Will Not Forget

 

Contact us: info@haitiaction.org