Rapo sou sitiyasyon kite pase nan Beladé nan
 mwa jen pou rive nan desanm 2002

News HaitiAction.net

See more photos from:
-
The Cap Haitien March
-
The Caravan for Justice
    Rapo sou sitiyasyon kite pase nan Beladé nan mwa jen pou rive nan desanm 2002.

    Nap mande yon asistans pou tout moun ki soti nan Béladé, paske lé ansyen milité ak FRAP te soti an Repiblik Dominikén se premye kote yo anvayi, konsa moun sa yo nan yon sitiyasyon ki tré kritik fas a kondisyon ke yap viv nan moman sa a, an menm tan nou di w pou apré yo finn kidnape prezidan Aristid yo vinn nan kondisyon ki pi katastwofik, avan prezidan ale yo konn sikile, men apré yo pakap ditou, ditou.
    Se poutét nap mande yon asistans pou moun sa yo, paske yo kontinye pou chache menm nan kapital.

    Men lis moun sa yo :

    1- Cl?odor Souverain
    2- Levelt Rival
    3- Eliodor Denaud
    4- Isabel Jean
    5- Felix Bruno
    6- Rodolphe Ramarais
    7- Vilcem? Rosalvard


    Cl?odor Souverain
    Beladé

    Mwen se Kodonaté fanmi lavalas nan Beladé depatman Sant, mwen te travay an kodinasyon ak tout manm fanmi an ki nan komin lan, depi nan mwa desanm 2002, mwen te oblije kite kay nan beladé pou m vinn refijye nan potoprens, paske te genyen yon gwoup nég ame jisko dan kite debake lakay mwen pou te touye m ak tout fanmi m, lé yo rive nan kay sa a, yo pat jwenn mwen, mwen te gentan mawon, yo te asasine 5 moun yo te jwenn nan kay sa a.

    Men non 5 moun sa yo touye na yon sé kay:

    1- Souverain Rosita (24 ane sé m)

    2- Souverain Nathalie (17 ane yo te tire nan vajen l ak 2 katouch)

    3- Brizard Mimose (38 ane zanmi fanmi m)

    4 Brizard Dubiusson 35 ane fré mimose

    5- Louis Ramil 14 ane domestik

    Et yon ti gason ki genyen 4 ane te resevwa yon katouch nan kolon vétebral li tou paralize.

    Tout bagay sa yo te pase avan yo te kidnape prezidan Aristid.

    Apré prezidan Aristid finn ale nou genyen plis pwoblém toujou, nou pakab pou sikile ditou, nou vinn nan yon sitiyasyon ke menm potoprens kouneya nou pakab rete paske ansyen Milité ak FRAP ap chéche nan tout kote nan kapital la, pou kapab touye nou.

    Men kijan aksyon an te pase ;

    Na nwit kite 23 o 24 jen 2002, ansyen milité ak FRAP te asasine 5 manm nan fanmi m.

    Clotaire Jean Baptiste ( ansyen milité)

    Remicinthe Ravix ( ansyen milité)

    Voltaire Jean Baptiste alias poitille ( FRAP) ansyen chofé
    Michel francois pandan lane 1991 rive lane 1994

    Bell Panel ( Asek espas konsétasyon) sivil ame

    Edouard Casimir ( manm konvéjans demokratik ) sivil ame

    Tout moun sa yo se gwoup Rebel Fon Rejistans nan Gonayiv e yo te nan Hinche nan asasina direkté depatmantal polis M. Jonas Maxime 15 fevriye 2004.


    Nou genyen Clotaire Jean Baptiste et Remicinthe Ravix se yo ki anndan Akademi polis pou fé rekritman pou tout ansyen milité nan polis nasyonal PNH.
    Gen yon gwoup ansyen milité ki debake nan beladé, yo ale la kay mwen, piye, volé nan dat kite 17 fevriye 2004.

    Lé moun sa yo finn ale yo kite 7 ti moun san manman san papa sou responsabilite m, sa vinn lakoz mwen genyen plis pwoblém toujou, paske yo te touye ni manman ni papa .
    000
    1-Micheline Brizard

    2-Miradelle Nestor

    3-Phama Nestor

    4- Bussein Tiro

    5-Gilene Nestor

    6-Rebeca Brizard

    7-Chantale Brizard
    e se sak fé map mande sekou ak tout konpatriyot nou yo, pou ede n, paske nou paka ale an repiblik dominikén paske se la baz yo chita.

    Map lanse yon apel an ijans pou ti gason ki gen 4 ane ki paralize, kisa nou kapab eden avél souple, non li se Hussein Bertrand.


    Apré yo soti an Repiblik Dominikén yo retounen ak menm aksyon anko.

    28 novanm jij Christophe Lauzama akonpanye Cleonor Souverain , majistra Jn Robert Paldomaire ak Remarais Rodolphe ta prale fé yon konta nan yon lokalite yo rele ( kinpe ) yo te rankontre ak yon manifestasyon man konvéjans demokratik yo tap fé, yon ansyen leopa ki rele Serge Etienne te ouvé katouch, li touye jij Lauzama ak 3 lot moun ki te sove te jistés.

    * 10 desanm 2002 nan lokalite Pénal 3e seksyon Riyarib asayan ak sivil ame ak gwo zam fann fwa rantre nan kay Eliodor Denaud Kodonaté kasék fanmi lavalas yo kraze tout sal te pwosede li 9 pitit ak madanm, depi lé sa a se mawon yo ye.


    * Levelt Rival Kodonaté fanmi lavalas 3e seksyon riyarib 13 desanm 2002 toujou nan komin Beladé, a 1 né nan maten apré yon afontman lapolis ak ansyen milité, apré yo debake lakay mwen kraze tout sam te pwosede ak katouch, se nan jaden bannan mwen lage ak tout 7 pitit mwen ak madam mwen, e mwen te genyen yon lekol yo kraze tout ban, yo kraze lekol la tou.

    * Se menm ka pou Isabel Jean Kazék fanmi lavalas13 desanm 2002 a 3 zé nan maten
    yo debake nan kay li kraze tout sa genyen menm kabrit ki te lakou a, yo touye, li gen 4 pitit, men non moun ki montre komando kay li, se Moise Celestin ak Golman.

    * 10 desanm 2002 milité ak FRAP yo touye

    * Erezman Joseph
    * L?onie Laverne
    * Caridor Dorirnvil
    * Sincére Joseph
    * Jean Harry

    23 jen 2002 yo fé menm bagay sa a anko yo touye

    * Wilfrid D?naud
    * Mar?us Pierre

    Felix Bruno
    Apré tout aksyon sa yo, yo te deside rann yo nan Laskaobas, pandan yo tap prale yo, yo pat epanye piye, sakaje kay F?lix Brunel, chans pal, li pat domi lakay mwen jou zwa a mwen te nan Laskaobas pou yon 2e fwa kote yo touye.

    * Colean Pradel
    * Dadou Pierre

    Se mwen ki te premye fé polisye o kouran nan komisarya laskaobas tout moun kite mouri nan plato Santral.

    Jou kite 26 jen 2002 ansyen milité kite okipe kafou Wasék yo kidnape epi touye 4 moun nan fanmi m, pami yo gen yon kouzen ke yo akize komkwa li konn mennen aktivite politik avém.
    Men nan ki sitiyasyon mwen depi mwa jen 2002, mwen pa bezwen rakonte w, apré prezidan Aristide finn ale ki tray nap pase anba men ansyen milité ak FRAP.


    Se menm sitiyasyon pou Rodophe Demarais

    Toujou nan Plato santral

    Mwen rele Israel Jean Kazék fanmi lavalas nan plato santral :

    Mwa desanm 2002, asayan yo te antre nan penal yo rantre la kay mwen, se yon zanmi ki pémét mwen pou mawon lakay li ak tout madam ak pitit mwen.

    Apré yo te finn kidnape prezidan Aristid la mwen vinn genyen plis pwoblém toujou, jou kite 17 mas ansyen milité yo te rantre lakay mwen sou preteks yap chache tout manm lavalas pou touye yo, yo kraze tout sa m te pwosede, machinn a koud, yo pa menm kite kite men anplasman kay la pou mwen pou viv ak fanmi m.

    17 fevriye 2004 apré yo finn tire direkté polis Maxime Jonas, tout polisye te abandone komisarya Beladé e yon gwoup ansyen milité ak FRAP te pran komisarya sa a an otaj, paske tout polisye ten an mawon.

    Teenagers killed in Belladéres: Louis Ramil, 14 years old - a servant in Fanmi Lavalas official's home - and Natalie Souverain, 17 years old - killed by 2 bullets in the vagina - were assassinated by former military . The armed groups of ex-soldiers and members of the paramilitary group FRAPH who served in the pay of the U.S. and France organized extremely murderous campaigns against the border population well before this.
    Hussein Bertrand,
    a 4 year old boy was hit by a bullet in his spine and survived
    Rosita Souverain, 24 years old was the sister of Cleodor Souverain a Fanmi Lavalas official in the Central Plateau.
    Nathalie Souverain,
    17 years old. Five people, who were at the home of Cleodor Souverain were brutally assassinated when the former soldiers discovered that he was not there.
    Mimose Brizard, 38 years old, a friend of the family
    Dubuisson Brizard
    35 years old, brother of Mimose
    Louis Ramil - 14 years old - worked in Cleodor Souverain's home