Mesaj Prezidan Jean-Bertrand Aristide
"Bon Ane 2007"
December 28, 2006
News HaitiAction.net
About Events Talk News Links Home

Mesaj Prezidan Jean-Bertrand Aristide
"Bon Ane 2007"

KOUTE

Président Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, Afrik di Sid

"BON ANE 2007 !"

Se ak kè kontan Minouche avè m salye w
Pandan n ap depoze yon kouw�n rekonesans
Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand.

17 Oktòb la sot fè 200 zan
Depi Papa Desalin tonbe
Pou chak Premye Janvye
Te louvri p�t Yon Bòn Ane
Lakay, sou tè d Ayiti nou an.

Nan lonbray desantyèm anivèsè sa a,
Nou salye memwa tout l�t Ewo nou yo
E nou abranse w fratènèlman
Pou swete w: Bòn Ane 2007 !

Lè ti moun kou gran moun
Gade nan miwa Premye Janvye,
Yo renmen poudre ak plimo b�n ane.
Se ak anpil afeksyon n anbrase
Tout timoun pou swete yo chak :
Yon Bòn Ane espesyal.

Yon lavalas bon souwè ak amou fratènèl
Pou ou ki lakay k�m nan 10e Depatman an ;
Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan
Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè
Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens.

Pèmèt nou di 15.000 mèsi
Pou b�l souwè 15 jiyè 2006 yo.
Bèl woz solidarite nou resevwa yo
Pa janm fannen nan jaden memwa n.
Jan yon pwovèb nan lang Ebre a di :

בא וב קורזת לא םימ ונממ תיתשש רוב

An bon Kreyòl:
Moun pa dwe manje manje bliye.

Rekonesans ak fidelite sa a,
An verite, se yon istwa damou
Ki egzije delivrans Manman Ayiti.
Yon delivrans ki difisil, trè difisil,
Men yon delivrans ki pa enposib.

Se pou sa menm, fòk dabò gen limyè.
Limy� entèlijans kòm limyè konsyans.
Limyè moral pou l pa fè nwa
Lajounen kou lannwit.

Si l difisil pou lave kay tè,
Li pi difisil toujou pou
Lave kay tè nan blakawout.

Kidonk, vide limyè delivrans sou Ayiti,
Se refize Ayiti kontinye lave kay t�
Nan blakawout koudeta.

Depi premye koudeta 17 oktòb 1806 la,
Konplo trayizon an te egzije pou
Manman Ayiti lave kay t� a
Ak pwòp san Papa Desalin.

Konsekans : 200 zan apre,
P�p la toujou menote nan
Mizè, grangou, chomay, apatayÉ

Se pou sa menm nou deklare :
Chak fwa yon gang patrip�ch
Etenn lanp moral la,
Fòk yon lavalas patriyòt
Relimen l e rechaje l
Ak bon jan gaz konsyans.

An nam e konsyans,
Nou pa ka fè kòm si n pa wè
Kijan konplo trayizon an
Menote Pèp la 2 bra, 2 pye
Nan mizè apatay
Depi dyab te kaporal.

Si premye koudeta kont Papa Desalin nan
Pote premye pri nan krim trayizon,
Dènye koudeta 29 fevriye 2004 la
Chanpyon ni nan krim trayizon,
Ni nan krim kidnapig prezidansyèl.

Jan nou tout konstate,
Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la
Fi n limen sigar�t la nan 2 bout,
Maladi kidnapig tounen yon epidemi.
Tout moun soufri. Tout moun jwenn.

Kòm soufrans youn nan nou
Se soufrans nou tout,
Tout patriy�t gen obligasyon moral
Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon
Ki toujou fè inosan peyi pou koupab.
Si anndan pa vann, deyò pa achte.
Mwens trayizon egal mwens soufrans.

Klòch moral sa a sonnen byen fò
Nan Ladesaliny�n ou nan
Im Nasyonal nou an ki di :
Ò Dans nos rangs point de tra”tresÉ
Nan mitann pa fèt pou gen trètÉÓ

Fidelite patriyotik akouche ero.
Pwazon trayizon akouche zewo.

Plis nou kole zòrey nou sou kè Fanmi Lavalas,
Se plis nou tande 5 kout kannon fidelite sa yo :

  1. Pèp Ayisyen pa limen lanp demokrasi ak alimèt trayizon.

  2. Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon.

  3. Pèp Ayisyen pa manje manje bliye,
    Ale wè pou manje trayizon.
    Li fè matla pouvwa pou l pa dòmi atè.

  4. Pèp Ayisyen pa janm met linèt trayizon pou anpeche l wè
    Bèf ki moulen kann nan se pa li k bwè siwo a.

  5. Pèp Ayisyen di : Regle jis pa gate zanmi.
    Donk li fennk kare mobilize pasifikman pou :
    Retou imedya,
    Retou prizonye politk,
    Retou viktim nan travay yo,
    Retou lapè ak respè pou tout Pitit Peyi a.

Sè m, Frè m,
Chapo ba pou ou ki vle tabli
Lapè ak respè sa a pou
Tout moun san distenksyon !

An 1806, san Desalin te koule
Pou nou tout viv kòm sè ak frè,
Egal ego, nan respè youn pou lòt.
San nou se san Ayiti,
Nou pa ka trayi san nou.

Lè a rive pou ansanm ansanm
Nou ekri yon nouvo chapit fidelite
Nan Istwa d Ayiti nou an.

Kite menòt mizè a tounen bijou
Nan bra Ayiti pandan 200 zan,
Se imoral e inakseptab.

Kite kansè trayizon an
Fè metastaz nan sèvèl wòwòt,
Se imoral e inakseptab.

Direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab
Pou ane 2007 la pa nwaye
Nan blakawout dezespwa.

Wi, direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab pou
Debloke Peyi a, bloke mizè a ;
Demare lajistis, mare kriminèl ;
Demonote Ayiti, menote ensekirite a.

Dayè, si pisans moral sa a
Pat toujou gide mas Pèp la,
Sa fè lontan tèt li tap pati
San paspò, san viza,
San tikè, san destinasyon.

Kidonk,
Li tap deja fou nan founo mizè.

Nou tout konnen sak vid pa kanpe.
Si Pèp la kanpe malgre vant li vid,
Se paske tèt li pa vid.

Yon lavalas ochan pou tout Patriyòt sa yo !
Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt.
Lavalas se Ç LÕ union fait la force È.
Fòs moral Ayiti chita nan
Pèp Ayisyen li menm menm.

Se pou sa, vle pa vle, sote ponpe,
Fòk ane 2007 sa a pote yon demen miyò.
Gen yon lavalas rezèv moral pou sa fèt.
Pèp Ayisyen se rezèv moral Peyi d Ayiti.
Si gen patisipasyon Pèp la nan pouvwa Pèp la,
N ap debouche kanmenm sou delivrans Ayiti.

Ayiti an pann, men
Se li ki pa n.
Pa n se pa n.
Wi, se vre :
Pa n se pa n.
Se ladann pou n
RETOUNEN.

Wè pa wè, n ap wè.
Wè pa wè, n ap wè lakay.
Se va yon bèl fèt lapè
Ak lanmou fratènèl.

Nan menm chalè renmen sa a,
Minouche avè m anbrase nou tout
E redi n nan lang Zansèt yo:

Sizobonana ekhaya !
Sa vle di : Na wè lakay.
Unyaka omucha omuhle !
Sa vle di : BON ANE !

Pretoria, Afrik di Sid
Desanm 2006