New Year's message from the President of Haiti - 2005
December 29, 2004
News HaitiAction.net
About Events Talk News Links Home

New Year's message from the President of Haiti - 2005

jba01
Prezidan Jean Betrand Aristide
From Durban, South Africa, the democratically elected President of Haiti delivers the 2005 New Years Message to the People of Haiti.

BON ANE 2005 !

KOUTE MESAJ PREZIDAN ARISTIDE, 1 Janvye 2005 4.9M mp3

MESAJ PREZIDAN ARISTIDE

Premye Janvye 1804 te louvri
Yon Bòn Ane pou Pèp Ayisyen.

Ayiti Manman libète te sove lonè
Tout pitit ak pitit pitit l Afrik.
Lè sa a, tankou frè ak sè,
Youn te kontan swete lòt : Bòn Ane !

Premye Janvye 2004,
Menm jan ak Tousen Louvètu,
Jan Jak Desalin Le Gran...
Pèp Ayisyen brave danje,
Li rekanpe tèt drèt pou l fè
Ayiti 2004 fwa pi bèl.

E wi, sa te kòmanse bèl, malgre
Van tanpèt rekolonizasyon an
Tap gwonde soufle 24 sou 24 !

Patizan libète se ewo.
Patizan lesklavaj se zewo.
Patizan libète se ewo.
Patizan lesklavaj se zewo,
Sof nan fè krim !

Gade valè krim yap fè depi kidnaping 29 fevriye 2004 la !

1- Yo chavire machin demokrasi a 4 wou anlè.
2- Zam alamen, yo pouse l pou l degringole san chofè san fren, san limyè, san rete nan ravin lanmò a.
3- Plis pase 10 mil inosan deja mouri asasinen nan ravin lanmò sa a paske yo se Lavalas.
4- Anviwon yon milye konpatriyòt ap manje prizon san rezon.
5- Koripsyon tounen angrè pou mizè donnen mizèrere.
6- Nouvo kolon ki gen chenn nan pwòp sèvo pa yo vle remete chenn nan pye 8 milyon Ayisyen.

Siga lesklavaj sa a limen nan 2 bout :
Limen l se youn, fimen l se de !

Pou Ayiti gen yon Bòn Ane,
Fòk siga lesklavaj la
Etenn nan dlo dyalòg ak lapè.

Pou Ayiti gen yon Bòn Ane,
Fòk gen lapè ak libète
Pou tout Ayisyen.

Jan nou tout konnen l,
Manman Ayiti pa ka gen
Yon tete ki dous kou myèl
Yon tete ki anmè kou fyèl.

Pou Ayiti gen yon Bòn Ane,
Fòk tout Ayisyen ki nan prizon,
Nan mawon, ou nan egzil
Ka retounen lakay yo
Jan Konstitisyon an egzije l.

Pou ane 2005 la bon tout bon pou Ayiti,
Fò l bon pou Ayisyen k ap viv lakay kòm aletranje ;
Fò l bon ni pou majorite a, ni pou minorite a.
Konstitisyon an deja bay tout moun dwa pou
Pale libe libè, mobilize nan lapè e pou lapè.

Konsa, moblizasyon ak delivrans
Se senkant kòb ak degouden kole.

Eksperyans mobilizasyon pasifik manch long la
Se isit an Afrik du Sud Gandi te kòmanse l.
Epòk sa a Gandi te abite isit kote m ye la a.
Nan lane 1914, li retounen al libere peyi pa l, End,
Gras a pisans mobilizasyon pasifik e manch long la.

Patizan libète se ewo.
Patizan lesklavaj se zewo,
Sof nan fè krim !

Yo te egzile Tousen Louvètu,
Asasinen Papa Desalin,
Men yo pa janm ka disparèt lespri libète
Ki tap gide Zansèt nou yo.

Jis jounen jodia, bò isit nan zantray l Afrik
Nou di: Akudlozi lingayi ekhaya ; sa vle di :
Yon Lespri pa janm bliye wout kay li.

An natandan nou wè fasafas lakay,
Lespri pa m ap toujou file
Nan direksyon lakay.

Se pou lespri renmen sa a
Tounen yon lavalas lanmou
Pandan ane 2005 la !

Amou pou Ayiti nan bon tan
Kòm nan move tan !
Amou pou Pèp Ayisyen
K ap bat dlo soufrans
Pou l fè bè delivrans !

Kè Minouche ak kè pa m
Fonn nan chalè renmen sa a
Pou swete nou tout :

BON KOURAJ !
BON ANE 2005 !

P. Jean-Bertrand Aristide
Durban, Afrique du Sud
29-12-04

Valid XHTML 1.0! Valid CSS!