New Year's message from the President of Haiti - Jean Betrand Aristide 2006
December 29, 2004
News HaitiAction.net
About Events Talk News Links Home

New Year's message from the President of Haiti - 2006

From Pretoria, South Africa, the democratically elected President of Haiti delivers the 2006 New Years Message to the People of Haiti.

nou kapab tande vwa prezidan Aristide kap li mesaj nan okazyon fen ane 2005 lam.

men kouman pou nou koute mesaj prezidan Aristide la,

  1. www.hayti.net
  2. klike sou: Audio  (wa jwen li a goch)
  3. wa jwen mesaj la an katryem pozisyon
  4. wa klike ladann
jba01
Prezidan Jean Betrand Aristide

BON ANE 2006!

Sè m yo, Frè m yo,

Pandan pafen souwè ki sot
Ni lakay, ni nan 10e Depatman an
Kontinye anbonmen n isit la,
Minouche avè m  remèsye n  ak tout kè n
E swete n yon Bòn Ane 2006.

Se sèten, ou gen bèl rèv pou fanmi w ak pou peyi w.
Anpil nan bèl rèv Ayisyen genyen  pou Ayiti,
Kouche sou kabann lopital men yo pa nan mòg.

Se vre, kidnaping 29 fevriye 2004 la klouwe
Manman Ayiti tèt anba sou yon kwa koudeta,
Men, ti souf la pa etenn, e kò a pa nan mòg.

Nan memwa Zanzèt  nou yo
Ki bay lavi yo pou Ayiti pa mouri,
Nan memwa tout inosan ki tonbe
Pandan  peryòd 2004- 2005 sa a,
Ann vide sewòm delivrans
Sou flanm dife soufrans !

Ann souse mouèl listwa d Ayiti
Pou n vanse pi djanm, pi rèd,
Pou pi devan pi anfòm, pi bèl !

Avan Premye janvye 1804,
Kolon blan  te renmen antere
Esklav tou vivan, tou kanpe :
Kò yo nan twou, tèt yo ret deyò,
Badijonnen nan siwo cho.

Tèt esklav sa yo te tounen piwouli pou
Chyen souse, manje, devore tou vif.

Depi premye janvye 1804,
Tèt esklav fè tèt ansanm
Pou pèson pa mache
Tèt anba devan pèson.

Libète ou lanmò, se vèvè sa a
Zansèt yo te trase pou nou,
Jou Premye Janvye 1804 la.

Vèvè libète sa a, se yon vèvè Sivilizasyon.
Eee!!!  Bouch an bouch, youn di lòt :

Moun sivilize toujou gen Ayiti rekonesans.
Moun sivilize gen anpil respè pou Pèp Ayisyen.
Moun sivilize respekte premye Pèp nwa a
Ki premye chante fineray lesklavay.

Moun sivilize pa fè alèji ak
Jistis, restitisyon, reparasyon.

Depi egzil Tousen Louvèti,
Pase nan asasina papa Desalin,
Rive sou 34e koudeta sa a,
Toujou gen moun sivilize
Ki refize meprize Ayisyen.

Onè Respè pou nou!
Chapo ba pou ou menm
Ki deja fè anpil sakrifis pou sove
Diyite Nèg ak Nègès d Ayiti !

Ooo !! Ala damou Manman Ayiti damou
Pou tout pitit fi, pitit gason ki refize viv
Ak chenn nan pye, ou ak chenn nan sèvo !
Esklav mantal pa siye ak diyite.
Mikwòb esklavaj se pwazon diyite.

Lè Zanzèt nou yo t ap siyen batistè diyite sa a,
Popiplasyon  an te anviwon 500.000 Ayisyen.

Jodia, nou  gen 8 milyon sè ak frè lakay
Plis 2 milyon edmi k ap viv lòt bò dlo.
Nou konn kote n soti, nou konn kote n prale.

  • 49 %  nan nou sot nan mitan Lafrik, peyi Kongo
  • 26.3 %  nan nou sot nan peyi Benen
  • 6.4 % nan nou sot nan peyi Senegal
  • 5 % nan nou sot nan peyi Nijerya
  • 4.5 % nan nou sot nan peyi Syera Leyòn
  • 4.5 % nan nou sot nan peyi Gana
  • 2.6 % nan nou sot nan Sidès Lafrik ou Mozanbik.

Donk, preske nou tout
Soti menm kote
Pou na l menm kote.
Nou sot nan zantray Lafrik
Pou na l nan zantray
Yon Delivrans Total Kapital.

Direksyon sa a te klè pou
Yon lavalas Ameriken Nwa
Ki tap toufe nan peyi Etazini
Anba imilyasyon esklavaj.

Sèl solisyon pou yo, se te pati
Al viv an Ayiti, nan sous Libète a.
Nan ane 1862, te deja genyen
Plis pase 2000 Ameriken nwa
Ki te vin pran refij Lakay,
Donk, nan sous Libète a.

Lè sa a, pat gen elikoptè
Ki tap lage bonm sou Site Solèy,
Jan sa te fèt 6 Jiyè 2005 la.

Lè sa a, pat gen yon Site Solèy
Fèmen nan kan konsantrasyon
Pou gro zam lagè devore, dechèpiye,
Pandan kochon ap manje kadav inosan.

Lè sa a, pat gen kolon pou vide dife lanmò sou
Belè, Solino,Lasalin, Matisan, Gran Ravin, Kafou,
Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kenskòf,
Nan katye popilè Okap kòm Okay,
Jeremi kòm Gonayiv, Ench kòm Jakmèl,
Pòdepè kòm Miragwan, Sen Mak kòm Tigwav,
Anbalavil Pòtoprens, kòm nan tout pwovens.
Paj trajedi sa a montre aklè sa nou te deja konnen.
Kidonk, ni nouvo kolon ni esklav mantal
Pa janm konsidere peyizan kòm moun.
Konsa pou yo menm, lavalas pòv, peyizan,
Malere, analfabèt pa moun tankou tout moun.

Devan miray apatey la, konplo a byen mare
Pou anpeche lavalas Pèp Ayisyen an
Patisipe nan eleksyon lib, onèt e demokratik .

Men, se byen konte mal kalkile
Paske  Analfabèt pa bèt.
Menm si jodia gen 10 fwa plis
Ensekirite kidnaping, lavichè, grangou,
Mizè malouk kou mizè mizèrere,
Pèp la ap soufri, li pa ti soufri.

Pèp entèlijan pa retire trip mete pay.
Pèp je kale pa retire trip mete pay.
Pèp save pa pran lalin seleksyon
Pou fwomay eleksyon.

Liberasyon Pè Jan Juste, Sò Ann,
Premye Minis Yvon Neptune,
Minis Jocelerme Privert,
Ak tout lòt prizonye politik yo,
Se yon revandikasyon jis
Ki koule nan beton lalwa.

Lè inosan ap seche nan prizon
Pandan asasen kriminèl
Ap banbile libelibè,
Sa rele krim sou krim.

Demenm, se mete krim sou krim, sou krim,
Lè Ayiti klouwe tèt anba sou yon kwa koudeta,
Pandan defakto ap benyen nan ilegalite
Ak koripsyon jis nan kou rive nan zorèy.

Grès koripsyon sa a resi fè
Zòrèy pi long pase tèt.
Wi, fò n redi l:
Grès koripsyon sa a resi fè
Zòrèy pi long pase tèt.

Poutan, Libète moun, se yon dwa ki sakre.
Konstitisyon Peyi a bay tout moun
Ki nan mawon ou nan egzil dwa
Pou retounen viv nan libète ak lapè.

Libète ak lapè, se grenn je ak kalalou je.
Dapre filozofi gran paran Afriken nou yo,
Lapè ak libète se pase pranm ma pase chèche w.

Se pou sa filozòf lapè yo di nan lang zoulou :
BAXOLELA UKULWA KUNOBUGQILI.
Sa vle di :
« Pase pou Zansèt yo ret esklav,
Yo pito fè lapè antre yo
Pou goumen kont esklavaj
 ».

Nou menm tou, patizan lapè
Ki refize viv san diyite,
Fò n toujou sonje :

Yon Lavalas se yon Patriyòt,
Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt,
Lavalas se l’Union fait la force !

Si avantaj kòk se nan zepon l,
Avantaj Pèp entèlijan, se nan
Mobilizasyon manch long pou
Desitire koudeta pasifikman.

Lawouze koudeta fè banda
Tout tan solèy retou a poko leve.

Erezman, je solèy la louvri
E ni kè n, ni bra n toujou louvri
Pou n wè fasafas, Lakay.
Se va yon bèl fèt lanmou
Pou anfen, Ayiti viv an pè.

Nan menm chalè renmen sa a,
Minouche avè m anbrase nou tout
E swete n :

UNYAKA OMUHLE !
Sètadi: BON ANE !

UNYAKA OMUHLE !
BON ANE 
!

P. Jean-Bertrand Aristide

Pretoria, Desanm 2005

2005 New Year's message from the President of Haiti
MESAJ PREZIDAN ARISTIDE BON ANE 2005

P. Jean-Bertrand Aristide
Durban, Afrique du Sud
29-12-04

Valid XHTML 1.0! Valid CSS!