PETISYON POU OGANIZASYON             17 Mas 2004

News HaitiAction.net

URGENT ACTION ALERT

PETISYON POU OGANIZASYON SIYEN ANFAVÈ AYITI

Noumenm òganizasyon popilè k ap feraye anfavè demokrasi nan peyi d Ayiti:

ORGANIZATIONAL PETITION ON HAITI - in english

Peyi CARICOM yo ap rankontre nan zile St.Kitts jou jedi 25 ak vandredi 26 mas demen an pou diskite sitiyasyon aktyèl la anndan peyi d Ayiti. Depi 29 fevriye, jou koudeta a, peyi Etazini ansanm ak otorite defakto yo epi konpayèl yo nan sosyete sivil Ayisyen an ap simen lapèrèz pou blije peyi Jamayik epi peyi CARICOM yo pou yo sispann sipòte otorite demokratik peyi d Ayiti yo.

Nou pa dwe souzestime kokennchenn fòs entimidasyon sa yo paske peyi CARICOM yo pa gwonèg ni fikzikman ni ekonomikman palan. Tankou Ayiti, yo ka toupizi yo fasilman daprèzavwa yo defye 'gwo peyi' yo. Nou dwe ede CARICOM nan sipò li ap bay demokrasi Ayisyen an, epi nou dwe montre yo tou kijan òganizasyon popilè yo toujou kanpe djanm anfavè demokrasi.

Annapre mesaj sa a, nou va jwenn yon petisyon ki mande CARICOM pou li kenbe rèd epi kontinye sipòte demokrasi ann Ayiti. Souple, fè òganizasyon pa ou lan siyen petisyon sa a epi mande lòt òganizasyon ou konnen pou yo fè menmman parèyman. Nou ap kolekte siyati yo pa telefòn, si nou jwenn enfòmasyon pou kontakte òganizasyon yo osnon reprezantan alatèt yo. Si ou vle prepare yon lòt lèt osnon dokiman separe pou ale jwenn CARICOM, nou pare pou nou ta voye li pou ou tou. Siyati ak dokiman yo dwe rive pou pita jou mèkredi 24 mas lan. Nou ka voye yon mesaj elektwonik sou adrès sa yo: petition@haitiaction.org osnan annehaiti@hotmail.com.


PETISYON POU OGANIZASYON SIYEN ANFAVÈ AYITI

Noumenm òganizasyon popilè k ap feraye anfavè demokrasi nan peyi d Ayiti:

- Nou bat bravo lakontantman devan kouraj frè ak sè nou yo nan CARICOM ki kanpe solid pou yo kore govènman konstitisyonèl peyi d Ayiti an ki te pran pouvwa palentèmedyè eleksyon. Nou denonse kanpay entimidasyon Etazini, otorite defakto ki poze sele sou peyi d Ayiti yo, ansanm ak tout konpayèl yo nan mitan sosyete sivil Ayisyen an ap tanmen kont manm CARICOM yo akòz pozisyon kòrèk sa a yo kenbe a.
- Nou denonse koudeta 29 fevriye 2004 la ki jete gouvènman konstitisyonèl peyi d Ayiti a epi fòse Prezidan Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a. Nou rele chalbari dèyè tout sila yo ki te patisipe nan koudeta sa a, kit se rebèl ki gen kriminèl alatèt yo, kit se gouvènman Lafrans ak Etazini, kit se konpayèl yo jwenn ki mete ak yo nan mitan sosyete sivil Ayisyen an.
-Nou klè, koudeta 29 fevriye a ilegal ni selon lwa peyi d Ayiti, ni selon lwa entènasyonal tankou Chat Demokratik Peyi Amerik yo te adopte a. Zak vyolans ki komèt la a pou chanje yon rejim se yon move ekzanp ki trase, se yon danje pandye sou tèt lemonn antye, espesyalman pou peyi ki pi pòv yo nan Amerik lan.

-Nou pa dakò ak okenn mannèv ki vle rachonnen moso ni nan dwa lapawòl ak ni dwa mouvman Prezidan Aristide;

- Nou ankouraje CARICOM pou li pran dispozisyon sila yo:

1) Egzije retablisman gouvènman legal pèp Ayisyen an ki te pran pouvwa palentèmedyè eleksyon. Sa vle di tou pou Prezidan Aristide fè rès manda konstitisyonèl li an opouvwa, kòmsadwa;
2) Refize rekonèt okenn lòt swadizan govènman Ayisyen;
3) Kontinye egzije yon ankèt Nasyonzini ki va pèmèt limyè laverite klere sou koudeta 29 fevriye a epi sou wòl peyi Lafrans ak Peyi Etazini jwe nan move kou sa a.
-----------------------------------
FOMILÈ PETISYON ANFAVÈ AYITI

Souple, ranpli li nèt, kopye li, epi voye li bay :
petition@haitiaction.org

NON OGANIZATSYON OU LAN: ____________________________________________

Adrès li: _____________________________________________________

Tel/Faks Oganizasyon an: _____________________________________________________

Paj Entènèt li: ________________________________________________________

Non Responsab Anchaj lan: ________________________________________________

Tit Responsab Anchaj lan: _____________________________________

Telefòn Responsab Anchaj lan: _________________________________________

Adrès Elektwonik (imèl): ______________________________________